Enfòmasyon jeneral | |
---|---|
Dat nesans | |
Lye nesans | Pari |
Peyi nesans | Frans |
Dat lanmò | (ak 94 ane) |
Lye lanmò | Mouriès (Bouches-du-Rhône |
Peyi lanmò | Frans |
Nasyonalite | franse-amenyen |
modifye |
Charles Aznavour (nan (hy) Շառլ Ազնաւուր), non nesans Shahnourh Varinag Aznavourian (nan (hy) Շահնուր Վաղինակ Ազնաւուրեան) (22 me 1924, Pari - 1e oktòb 2018, Mouriès (Bouches-du-Rhône)), se yon otè-konpozitè-entèprèt, aktè ak ekriven franko-amenyen.
Pandan yon karyè ki kòmanse an 1946, li anrejistre prèske mil de san chante ki konpoze nan plizyè lang: franse, anglè, italyen, panyòl, alman, amenyen (Yes kou rimet'n tchim kidi), napoliten (Napule amica mia), ris ak dènyèman an kabil. Li te ekri oswa ko-ekri yon milye konpozisyon mizikal, pou tèt li oswa pou lòt atis.
Li se youn nan chantè franse ki pi rekonèt nan mond frankofòn lan. CNN te konsakre Charles Aznavour « chantè varyete pi enpòtan nan XXe syèk la » ak Time Magazine devan Bob Dylan, Frank Sinatra oswa Elvis Presley.
Atik detaye ː Diskografi Charles Aznavour
Atik detaye ː Fimografi Charles Aznavour