Bryant Freeman
Image illustrative de l’article Bryant Freeman
Nesans (92 ane)
Richmond, Vijini,
Nasyonalite Ameriken

Bryant Freeman, ki fèt 26 jen 1931 nan Richmond nan eta Vijini (Etazini), se yon lengwis. Li ekri liv konsène kreyòl ayisyen.

Biyografi

Li te popilè prensipalman paske li te fondatè ak direktè Enstiti Etid ayisyèn nan Inivèsite Kansas (Etazini). Se te ansyen direktè Depatman Franse ak Italyen nan Inivèsite Kansas.

Freeman resevwa Ph.D. an fransè nan Inivèsite Yale. Li se espesyalis Jean Racine.

Li te travay kòm enstriktè obsèvatè Nasyonzini ann Ayiti, kòm konseye Fòs amerikèn ak Fòs lapè ann Ayiti. Li te genyen grad Majò Jeneral, menm lè li pa t militè.

Pami tout piblikasyon li yo, nou jwenn youn nan diksyonè ki pi konplè nan lang kreyòl ayisyen - Anglè (epi anglè - kreyòl ayisyen). Li pibliye tou yon diksyonè espesyalize nan tèminoloji medikal.

Li te pibliye yon koleksyon zèv Carrié Paultre, yon womansye ayisyen. Depatman Deta Ameriken te mande li espesyalman an 2004 pou tradui yon lèt Jean-Bertrand Aristide te ekri pou detèmine si li te deklare vrèman vre demisyon li.

Pami klas li te anseye yo jouk lè li te pran retrèt li an 2006, te genyen franse, kreyòl ayisyen (6 kòmansman - avanse) ak istwa peyi Dayiti.

Zèv li yo

Tankou lengwis

Tankou editè

Referans

Lyen deyò